skip navigation
July 13, 2022

Perfiles de Movement Makers: Ninaj Raoul

Ninaj Raoul se yon òganizatè kominotè ak ko-fondatè Haitian Women for Haitian Refugees (HWHR) nan New York, yon òganizasyon ki te fonde an 1992 pou reponn a bezwen moun refijye ak imigran Ayisyen nan Etazini an k ap kouri kite pèsekisyon.

Kiyès moun ou yo ye?

Moun mwen yo se pèp Ayisyen an, ki se desandan Afriken. Zansèt mwen yo soti nan Afrik Santral ak Lwès kòm esklav, yo te goumen ak anpil siksè kont kolon yo pou yo defèt esklavaj, yo te batay pou tout moun ka jwenn libète, epi batay sa a toujou la. Batay la pap janm fini epi goumen an ap toujou la, men mwen santi prezans zansèt nou yo chak jou. Yo ban nou fòs pou nou kontinye reziste sa ke mwen kwè ki se menm batay la.

Kisa ki mennen ou nan domèn travay sa a?

Mwen pa janm renmen di ke se te yon aksidan. Pou byen di w, mwen te kòmanse travay 30 an de sa nan Haitian Women for Haitian Refugees [Fanm Ayisyen pou Refije Ayisyen], ke mwen te ko-fonde pou reponn a sitiyasyon refijye Ayisyen yo, ki sanble anpil ak sitiyasyon n ap viv kounye a, eksepte moun yo t ap chape kite pèsekisyon sitou nan bato. Premye prezidan eli demokratikman an Ayiti, Jean Betrand Aristide, te jwenn vòt majorite a, li te kòmanse manda li an 1991, epi apre sèt mwa sou pouvwa, yo te ranvèse l. Etazini ak peyi enperyalis ewopeyen yo pa t kontan ak rezilta eleksyon yo, e Etazini te menm voye yon delegasyon pou ankouraje l [Aristide] abandone anvan eleksyon an. Te gen yon koudeta militè sanglan ki te ranvèse li apre l te gen 7 mwa sou pouvwa a.

Yo te pratikman al dèyè tout sipòtè l yo. Nan yon ti bout tan, yo te touye 5,000 moun, anpil ladan yo se te jèn òganizatè. Anpil moun te oblije kouri sove nan bato. Yo te rive nan Guantanamo Bay, Kiba. Gad Kòt Ameriken an te entèsepte yo, epi yo te mennen yo nan Baz Naval Ameriken nan Guantanamo (GTMO). Mwen te vin ale travay la kòm yon espesyalis lengwistik, ki t ap entèprete pou entèvyou laperèz kredib.

Anvan sa, mwen te travay nan branch redaksyon pou mòd. Mwen t ap viv New York epi mwen t ap travay nan monn sa a. Epòk sa a mwen te demenaje soti Chicago pou m ale New York, mwen t ap aprann anpil sou kilti mwen, epi mwen te jwenn aksè a medya kominote Ayisyen yo, kote m vin ap aprann sa ki t ap pase nan politik an Ayiti ak nan mond lan, bagay ke mwen pa t konnen lè m t ap viv Chicago. Mwen te fèk kòmanse vizite Ayiti anvan sa, epi kèk ane anvan tou kòm yon jèn adilt, e mwen te kòmanse konprann sa k ap pase nan nivo politik la ak enpak ke pi gwo peyi yo lakòz.

Lè m te tande sitiyasyon refijye an, mwen te vle patisipe. Papa m te yon doktè ki retrete e li te desann al travay nan kan refijye GTMO an. Gen moun ki te pale m de sa epi se konsa mwen jis lage tout travay mwen te genyen pou zafè mòd la epi mwen desann ale lòt bò a [nan kan an]. Yon fwa mwen te rive, li te vrèman difisil pou m retounen nan monn sa a.

Mwen entèprete kat a senksan entèvyou laperèz kredib nan apeprè de mwa.

Mwen te tande avèk pwòp zòrèy mwen anpil nan zak enjistis ki te fèt yo, nonsèlman sa te fòse moun yo ale, men tou, te genyen jis tout sitiyasyon yo deja ladan an. M pa t ka tounen nan travay mwen t ap fè anvan an. Mwen pa t kapab etèn eksperyans sa a. Mwen te rankontre ko-fondatè Lily Cerat la tou. Li se yon fanm Ayisyen ki soti Brooklyn. Li menm tou, li t ap fè entèpretasyon pou entèvyou laperèz kredib kòm yon Espesyalis Lengwistik. Antanke yon entèprèt, ou te nan yon pozisyon kote ou ka itil anpil, oswa pètèt pa itil, epi nan kèk ka, danjere. Sa a te premye leson mwen nan domèn Jistis Lengwistik la.

Mwen te aprann enpak yon bon entèpretasyon ka genyen paske sa ka fè yon diferans si wi ou non yo ta pral rapatriye ou pa fòs, pètèt retounen w kote yo ta ka menm touye ou, oswa ou ka avanse pou Libète Imanitè Ozetazini pou kapab aplike pou azil. Te gen entèprèt ki pa t itil ditou. Yo te jis enterese jwenn yon travay pèmanan nan Depatman Jistis la. Se pa t sa ki te enterese mwen menm ak Lily, ko-fondatè nou an.

Finalman, nou te rete an kontak ak moun yo, refijye Ayisyen ki ta pral kontinye nan zòn New York la. Nou te ba yo enfòmasyon kontak nou. Lè yo te antre, nou te resevwa anpil apèl e nou te kòmanse fè reyinyon avèk yo pou reponn a kriz yo t ap fè fas a li a. Yo te bay lòt refijye nimewo nou. Nou te kòmanse resevwa anpil apèl, e nou te kòmanse fè reyinyon pou nou devlope estrateji pou yon repons kominotè. Nou te kòmanse abòde pwoblèm yo, e nou te reyalize pa t gen yon kote oswa yon òganizasyon ki spesyalman dedye pou yo travay pou dwa refijye Ayisyen yo.

Nou pa te gen plan pou nou te kòmanse yon òganizasyon, men li te jis fèt natirèlman. Touswit apre, nou te angaje nan efò òganizasyon kominotè paske nou reyalize ke moun yo pa t ap byen trete refijye Ayisyen yo nan peyi isit. Yo te refize ba yo ata sèvis senp ke yo nòmalman konn ofri tout refijye, sèvis reyèlman debaz ke yo ta dwe resevwa. Nou te kòmanse fè reyinyon avèk yo, epi ansanm nou te abòde yon pwoblèm a lafwa, pandan ke yon pwoblèm ap kwaze ak lòt.

Li te vin devlope nan yon òganizasyon ibrid ki konbine efò pou defans, òganizasyon kominotè, edikasyon popilè ak sèvis dirèk. Nou te reyalize ke modèl sa a te toujou travay paske moun yo te vin nan yon eta de kriz, donk yo te bezwen yon repons an ijans. Atravè repons ijans sa a, nou te toujou gade sa ki ta ka chanje pou ranje sitiyasyon an olye pou yo kontinye ap swiv yon sistèm ki te kreye pou fè zak diskriminasyon kont refijye Ayisyen.

Se konsa òganizasyon an te vin pran nesans. Sa mwen vrèman apresye nan eksperyans lan se aspè lang la paske se sa ki te vrèman fè diferans pou moun yo. Jouk jounen jodi a, mwen toujou entèprete. Se yon pati trè enpòtan nan travay òganizasyon nou an. Nou te fè fòmasyon sou sa, pou angaje moun yo nan kanpay yo. Nou te jwenn mwayen fè echanj ak lòt kominote ki pale diferan lang epi ak mouvman ki te esansyèl, nou bay jistis lengwistik priyorite nan espas òganizasyon entrakiltirèl sa yo, tankou Mouvman Dwa Travayè Domestik la.

Avèk efò jistis lengwistik nou te fè anvan yo, nou te angaje anpil nan manm fanm Ayisyen nou yo nan Mouvman Dwa Travayè Domestik la paske se travay sa a yo souvan jwenn kòm imigran ki fèk vini. Nou te konekte ak gwoup Latino, Filipino, Azyatik, travayè Afriken, sitou travayè ki soti nan karayib la e ki pale angle, ak moun sid Azyatik yo tou. Nou tout te travay ansanm pou nou fè yo pase yon lwa istorik, yon lwa nan nivo eta a nan non Domestic Workers Rights nan New York gras a lidèchip Domestic Workers United. Se te premye lwa konsa ki te pase nan peyi a.

Sa te pase an 2010. Se te yon gwo eksperyans paske sa te montre pouvwa ke lang lan genyen. Anfèt, nou te vin devlope yon pwojè ki rele Language is Power (Lang se pouvwa), kote nou te fòme jèn yo pou yo vin entèprèt pou travayè domestik yo, konsa yo ka patisipe totalman nan mouvman an. Li te bèl paske nou te wè resanblans atravè kilti yo. Nou te fòme e mete sou plas entèprèt ki pa tradisyonèl, paske yo te vrèman antre nan yon mouvman.

Jiska jounen jodi a, jistis lengwistik se yon pati nan travay nou ki enpòtan anpil e ki prensipal. Mwen gen anpil respè pou entèprèt e mwen renmen entèprete. LI esansyèl pou nou konsantre sou jistis pou lang nan tout travay nou.

Ki pati nan travay mouvman w lan ki ba ou plis kè kontan?

Mwen panse, sètènman, rezilta efò òganizasyon nou an, men plis pase rezilta yo, se transfòmasyon moun yo nan sitiyasyon yo; lè ou wè manm yo antre nan espas brav nou yo, yo santi fòs youn lòt ak lespri revolisyonè zansèt nou yo. Yo transfòme tèt yo, epi yo santi yo pran fòs, epi yo genyen konfyans ke yo kapab chanje sitiyasyon yo. Nou travay ak kat diferan popilasyon moun san papye.

Youn pou jèn san papye, youn pou sivivan vyolans ki baze sou sèks kote li kwaze ak imigrasyon. Lòt gwoup ki devlope yo se moun ki gen TPS, yon komite ki fòme ak moun ki gen TPS ki òganize lokalman epi ki patisipe nan efò nasyonal pou defann tèt yo. Pi gwo gwoup la kounye a se moun k ap chèche azil, moun k ap chèche chape anba pèsekisyon, vyolans gang ak kèk lòt ki fòse moun emigre akòz presyon enjis enperyalis la. Anpil ladan yo se moun ki te vin sou fwontyè Etazini/Meksik la.

Sa te vrèman difisil akoz de plizyè dizèn ane move politik kont refijye Ayisyen yo. Sa mwen renmen sè ke òganizasyon nou an entansyonèlman rete piti. Mwen santi ke nou te vin kreye yon espas ki mete tout moun pi alèz, epi li te pèmèt nou rete fidèl a misyon nou an san nou pa detounen nan wout. Mwen panse ke gen anpil pouvwa nan sa. Li te pèmèt nou prepare pou sitiyasyon nou ye kounye a. Mwen santi ke nou fè tout wonn sitiyasyon an nan Guantanamo lè nou te nan kan detansyon an kote nou te kòmanse a.

Tout bagay rete menm jan. Nou wè moun nan chenn ke y ap mete deyò, y ap depòte, rapatriye, kèlkeswa sa ou rele li, jodi a nou wè yo ap separe fanmi menm jan sa te konn fèt nan kòmansman ane 1990 yo. Tout bagay rete menm jan an, malgre sa, nou akonpli gwo reyalizasyon pandan dè dizèn ane ki sot pase yo. Nou te ranpòte viktwa tankou lè 50,000 moun te jwenn rezidans atravè Lwa Jistis Imigrasyon pou Refijye Ayisyen an 1998 la.

Mwen panse ke etandone nou se yon òganizasyon ki tou piti, sa te pèmèt nou rete dirèkteman andedan misyon an, epi nou te kapab pran desizyon ke pi gwo òganizasyon yo pa kapab pran paske nou pa genyen zafè biwokrasi a pou nou jere. Nou te kapab pran aksyon san nou pa pèdi tan, epi sa ki pi enpòtan ankò sè ke nou toujou bay priyorite a lidèchip moun ki afekte dirèkteman yo. Mwen gen lenpresyon ke kounye a nou nan pwen kote ke anplwaye nou yo konpoze ak moun ki gen TPS e ki ap travay kòm òganizatè TPS.

Defansè pou Jèn Imigran nou an se te yon jènjan ke li menm tou, li san papye, ki te pase nan menm pwogram ke l ap ofri kamarad li yo. Moun k ap dirije espas jistis gerizon nou yo pou sivivan vyolans ki baze sou sèks yo se sivivan yo ye tou. Li vrèman fè yon diferans paske: Ki moun ki pral konprann sa ou te pase a? Kiyès ou pral fè konfyans? Se ak moun konsa ou vle bati pouvwa.

Mwen panse ke gen anpil pouvwa nan sa, epi li pèmèt moun yo konprann ke yo ka chanje pwòp sitiyasyon yo. Lè m wè sa, li vrèman fè m kontan. Mwen te resevwa yon apèl semèn pase a nan men youn nan moun k ap chèche azil yo, li t ap poze m anpil kesyon sou fason li ka patisipe nan travay la. Jodi a nou angaje moun nan rechèch patisipatif, pou yo ka ede bati travay kanpay la depi a zewo.

Yon lòt bagay ki vrèman fè m kontan se ane ki sot pase a, espesyalman nan si mwa ki sot pase yo, mwen wè kijan refijye ki te vini jis kèk ane anvan yo, se yo menm k ap akeyi fanmi ki ap vini kounye a. M ap pale espesyalman de moun ki te vini nan fwontyè Sid Etazini an. Sa te konn fèt lontan men nan dènye deseni sa a li espesyalman esansyèl, paske politik ak pratik sevè ki te deja la kont refijye Ayisyen yo vin pi klè e pi rasis toujou.

Moun nou te travay avèk yo an 2016 ki te soti Brezil oswa Amerik di Sid ak Amerik Santral, kounye a mwen wè y ap akeyi nouvo refijye yo k ap vini soti Texas ak Arizona. Paske moun sa yo te deja fè eksperyans lan, yo byen plase pou gide epi ede sak fè k vini yo ajiste pi byen. Sa a se yon bagay ke mwen pa t wè anpil lè nou te fèk kòmanse 30 an de sa. Sa ankourajan pou wè tèt ansanm sa a devlope nan kominote nou an. Li itil tou pou angaje plis moun nan travay mouvman an.

Ki mouvman w ap fè pou mete fen nan vyolans?

Mwen panse ke se sitou kreyasyon espas ‘nèg mawon’ sa yo, ke m te mansyone anvan nan lide sèk jistis gerizon yo. Mwen panse ke li pèmèt moun yo konnen kijan yo ka mennen pwòp batay yo olye pou yo rete sou kont founisè sèvis yo, kijan pou travay byen ansanm avèk yo, men reyèlman pran chaj pwòp ka w, ak pwòp sitiyasyon w, ak pwòp kominote w, epi pou pa konte sou lòt moun kòm defansè nan okenn fason. Yo ka alye w, oswa ou konnen kijan pou pi byen itilize yo nan sèten ka, men toujou konnen ke se ou menm ki pouvwa a pou pote chanjman an.

Mwen panse ke lè nou devlope espas ki enfòme sou chòk epi pataje istwa nou, nou aprann de eksperyans youn ak lòt. Nou aprann nan men kanmarad nou yo. Mwen toujou di ke menm antanke yon moun k ap dirije yon òganizasyon, lè fondatè yo ofri w asistans teknik, pafwa nan men teknokrat, mwen toujou di ke mwen ta pito nan yon sitiyasyon kote se kèk nan òganizasyon patnè nou yo k ap anseye nou, kote yo konnen lit nou yo. Nou youn ap anseye lòt kounye a. Li fè yon gwo diferans.

Nou pral ka aksepte pwòp batay nou yo, konfwote yo, epi goumen ak pwoblèm nou yo ansanm. Pifò moun ki ap mache nan espas sa yo twomatize nan yon nivo oswa yon lòt. Mwen panse ke tout kominote nou an twomatize, epi nou gen plizyè santèn dane depi n ap pran chòk ke nou eritye nan men plizyè jenerasyon. Mwen panse ke espas sa yo fè nou rekonèt sa, epi li ba nou chans pou youn tande sa lòt ap di—sa kapab yon eksperyans ki fè nou mal okòmansman, men omwen li pèmèt ou fè fas ak li, epi ou reyalize ke ou gen fòs pou pran chaj. Lè sa a, li vin vrèman bèl ankò lè ou wè moun k ap rale lòt moun dèyè yo.

Kijan ou ta dekri fòs lidèchip ou a?

Mwen toujou di mwen se yon bèlmè. Mwen pa gen okenn timoun ke m te pouse soti, men mwen gen anpil timoun nan lavi m. Kòm yon bèlmè, mwen te konn fè blag ak bofis mwen ak bèl fi mwen, ke si yo ta mande m pou bagay ke yo pa ta jwenn nan men manman yo ak papa yo, mwen di, “Hey mwen se yon bèlmè. Fò ou konnen ki lè pou w antre epi ki lè pou w soti.” [ri]

Mwen panse se menm jan pou lidèchip mouvman an. Mwen panse li enpòtan anpil pou w konsyan de bagay sa, pa entevni, men entansifye. Entansifye, men tou fè bak, se yon bon fòs pou w genyen sitou lè w ap angaje moun ki afekte dirèkteman pou vin lidè tèt yo.

Mwen panse ke objektif la se pou moun pa panse ke yo pral vin swiv moun, okontrè se rekonèt ke yo se yon lidè. Mwen panse ke li pa nan enterè kominote nou yo lè kèk moun panse ke nou dwe gen yon sèl lidè. Mwen panse moun ki rekonèt ki lè pou li fè yon ti bak posede yon gwo konpetans. M ap fè travay sa a depi 30 an, depi nou te fonde Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen, e ane sa a mwen demisyone kòm direktè.

Kounye a m ap fè tranzisyon pou m pase lidèchip la bay yon lòt moun. Pwosesis la fè m santi m vrèman byen. Mwen rekonesan a MEV pou sipò li ban mwen pandan pwosesis la. Mwen rekonesan ke mwen se yon kreyatè mouvman MEV pandan tan sa a paske mwen panse ke [moman] sa ap ede rann mouvman an posib. Omwen gen yon bagay swa k ap pase nan lavi mwen. Sa ap mache byen, e mwen vrèman eksite sou pwosesis tranzisyon sa a. Mwen kontan ke m ap demisyone e m ap kontinye fè wout pou pwochen lidè yo menm jan zansèt nou yo te fè pou nou.

Kisa ki kenbe ou nan travay la?

Li gen pou l wè ak premye kesyon an, kiyès moun nou yo ye. Travay la pa sèlman pou Ayisyen, men, vwala ke se Ayisyen mwen ye, kidonk antanke yon moun Ayisyen, se responsablite m pou mwen kontinye travay zansèt nou yo. Zansèt nou yo ak Revolisyon Ayisyen an mete nan nou yon lespri revolisyonè. Revolisyon Ayisyen an byen vivan jodi a. Se pa yon bagay ou jis genyen epi li fini. Ou toujou gen pou pwoteje sa ou genyen. Pou mwen menm, pwoteksyon se yon gwo pati nan travay nou.

Nou dwe pwoteje nenpòt pwogrè nou fè paske nenpòt bagay ou genyen yo ka pran l nan men ou … nenpòt bagay! Mwen panse ke se youn nan bagay ki pouse m ale an avan. Se responsablite w pou w toujou pwoteje, prezève, kit se viktwa ou, kit se prezève kilti ou, lang ou nenpòt fason, nan kreye espas sa yo, espas ‘nèg mawon’ sa yo ki gen konpetans kiltirèl, konpetans lengwistik, konpetans sou egalite sèks. Mwen panse ke pwoteksyon sa nesesè pou batay etènèl sa a ke nou eritye a.

Mwen rekonesan anvè zansèt yo ki te ban nou kapasite pou nou fèt ak lespri revolisyonè sa a. Mwen bay yon pèspektiv Ayisyen, men se sa. Lidè nan Revolisyon Ayisyen yo te goumen pou libète pou tout moun. Yo t ap defann dwa tout moun. Se pa t sèlman afè kèk grenn moun sou yon zile kèlkonk. Yo te mete sa nan premye deklarasyon yo, epi li [endepandans la] te pou tout moun toupatou.

Se sa Revolisyon Ayisyen an reprezante pou mwen. Mwen santi se responsablite m. Mwen santi ke pèp nou an gen responsablite pou yo kontinye batay la.

Nan plizyè fason, nou te eritye anpil de Natif Natal yo ki te nan peyi a anvan. Nan fanmi mwen, bò manman m, gen koneksyon dirèk ak kèk nan Natif Natal nan peyi d Ayiti, e ak tout gwo kilti ke nou te eritye ki soti Lafrik, nou se yon pèp yo te kidnape epi yo mennen isit la. Mwen panse ke se yon gwo privilèj pou genyen tou de. Mwen toujou gade apwòch Natif Natal yo lè y ap fè zafè yo, epi mwen sonje jenerasyon k ap vini yo. Pran swen tè a fè yon gwo pati nan kilti Ayisyen an tou.

Swen pou tè a, swen pou dlo a, respè pou tè a, ak dlo, ak lè, dife, tout eleman yo nan lanati. Tou sa se yon pati nan responsablite nou an, nan batay nou an pou prezève ak pwoteje. Se yon batay san fen. Se yon lit k ap kontinye. Se yon lit ki p ap janm fini. Se sa ki kenbe m nan kote m ye a. Pa gen yon viktwa ke ou ka jis deklare ke ou genyen l epi di batay la fini.

Mwen santi mwen responsab pou m pase sa bay jèn timoun yo. Anfèt, sa se yon gwo responsablite e se poutèt sa mwen vrèman entansyonèl nan pwosesis tranzisyon lidèchip la, pou nou genyen yon jèn lidè kòm yon direktè. Mwen panse ke li vrèman enpòtan. Mwen vrèman fyè de pwogrè jèn anplwaye yo, e byento nou swete enstale yon jèn direktè egzekitif. Se sèl fason an, paske mwen te wè gwo òganizasyon nan kominote nou an jis fèmen epi disparèt.

Nou gen ase bagay ki efase nan lavi nou.

Mwen panse ke youn nan rezon nou pwoteje bagay sa yo, se pou nou asire ke yo toujou la pou lòt moun ka konnen sa ki te pase. Nou dwe rakonte pwòp istwa nou epi dokimante l pou l pa efase. Youn nan bagay ke n ap fè ane sa a pou 30yèm anivèsè nou an se pibliye yon rapò sou rezistans kont rasis ke refijye Ayisyen ak imigran nan peyi Etazini ap sibi. Rapò sa a rapote sou sa ki pase depi nan revolisyon an ak tout sa ke Etazini te fè pou entèfere nan revolisyon sa a paske yo te gen esklav toujou isit la, e yo te pè yon revòlt konsa fèt.

Mwen panse sa enpòtan pou jèn yo ki eritye tout chòk la, pou yo ka gen kèk referans pou yo konnen orijin chòk la paske souvan, paran yo pa vle pale de sa paske li fè yo mal anpil. Ou eritye chòk la men pèsonn pa eksplike w li. Mwen konnen sa rive nan anpil kilti. Mwen panse ke gen yon responsablite, yon responsablite k ap kontinye. Yon pati nan responsablite a se asire w ke travay la kontinye. Se sa ki kenbe m ladan li.

Mwen jis wè ke atravè listwa, pèp nou an te nan chenn, separasyon fanmi ki te fèt lè yo te pran nou soti nan Lafrik, epi yo te asire ke yo separe ak melanje zansèt nou yo. Sa ap fèt menm jodi a. Mwen sonje lè nou te kòmanse 30 an de sa nan Guantanamo, yo te fòse ak rapatriye moun sou bato Gad Kòt yo ak chenn sou yo, epi yo t ap separe fanmi yo nan detansyon yo pandan ke y ap voye kèk ale. Gen anpil paralèl ak fason yo te pran nou, 400 zan de sa, jan yo te vòlè nou nan Lafrik ak sa k ap pase lè mwen te kòmanse fè travay sa a, ak sa k ap pase jodi a.

Ankò, y ap mete moun nan avyon ak chenn nan ponyèt yo ak ren yo ak cheviy yo pou mennen yo ann Ayiti, epi apre sa separe fanmi yo nan pwosesis la. Sa montre ke anyen pa chanje, batay la ap kontinye, e se yon lit ki p ap janm fini. Sa fè mal, men li enpòtan pou nou wè ke nan listwa, li konstan, e ke batay la dwe konstan.

Ninaj Raoul

Ninaj Raoul es cofundadora y organizadora comunitaria de Haitian Women for Haitian Refugees (HWHR) en Nueva York, una organización fundada en 1992 para responder a las necesidades humanas de les refugiades e inmigrantes haitianes en Estados Unidos que huyen de la persecución.

¿Quiénes son tu gente?

Mi pueblo es haitiano, descendiente de África. Mis antepasados fueron comprados como esclavos de África Occidental y Central, lucharon con éxito contra les colonizadores para superar la esclavitud. Lucharon para darle libertad a todas las personas y todavía siguen luchando. La pelea y la batalla son eternas, sin embargo, siento la presencia de nuestros antepasados cada día. Ellos nos dan fuerza para seguir resistiendo lo que creo que es la misma lucha.

¿Qué te trae a este movimiento?

No me gusta decir que fue accidental, en absoluto. Empecé hace 30 años trabajando en Haitian Women for Haitian Refugees, de la que soy cofundadora, como respuesta a una situación con les refugiades haitianes, que es bastante similar a la de ahora, con la diferencia de que la gente huía de la persecución en barco. El primer presidente elegido democráticamente en Haití, Jean Betrand Aristide, asumió el cargo en 1991 y fue derrocado tras siete meses en el poder. Los Estados Unidos y los países imperialistas europeos no estaban contentos con los resultados de las elecciones. Incluso enviaron una delegación para convencerlo de abandonar su candidatura justo antes de las elecciones. Hubo un sangriento golpe militar que lo derrocó después de estar 7 meses en el poder.

Atacaron a todws sus partidaries. Mataron a 5.000 personas en muy poco tiempo, incluidos muchos organizadores juveniles, por lo que mucha gente tuvo que huir en barco. Llegaron a la Bahía de Guantánamo, Cuba, dónde fueron interceptados por les guardacostas estadounidenses y llevados a la base naval de Guantánamo (GTMO). Acabé trabajando allí como especialista en lingüística, interpretando para las entrevistas de temor creíble.

Antes de eso, trabajaba en una editorial de moda. Vivía en Nueva York y trabajaba en ese mundo. Me mudé de Chicago a Nueva York, al hacerlo, aprendí mucho más sobre mi cultura, tuve acceso a los medios de comunicación de la comunidad haitiana y me enteré de lo que ocurría políticamente en Haití y en gran parte del mundo, cosas que no sabía cuándo estaba en Chicago. Había visitado Haití poco antes de eso, unos cuantos años antes como joven adulta y empecé a entender lo que pasaba políticamente en cuanto al impacto que tenían los países más grandes.

Cuando me enteré de la situación de les refugiades, quise involucrarme. Mi padre era médico jubilado y se había ido a trabajar al campo de refugiados de la base naval de la bahía de Guantánamo. Me informaron sobre el tema y terminé yendo; dejé mi trabajo de moda en pausa y me fui para allá. Una vez allí, fue muy difícil volver a ese mundo.

Interpreté entre cuatrocientas y quinientas entrevistas de temor creíble en un par de meses.

Escuché de primera mano muchas de las injusticias que estaban ocurriendo. No solo me enteré de que obligaron a las personas a irse, sino también del proceso en el que se encontraban en ese momento. Para mí, no era una opción volver al trabajo que tenía antes. No podía dejar lo que estaba haciendo. Allí conocí a la cofundadora Lily Cerat; es una mujer haitiana de Brooklyn. También interpretó las entrevistas de temor creíble como especialista en lingüística. Como intérprete, uno está en posición de ser potencialmente muy útil o no y, en algunos casos, perjudicial. Esta fue mi primera lección en justicia del lenguaje.

Aprendí el impacto de tener una buena interpretación porque podía marcar la diferencia de si una persona iba o no a ser repatriado por la fuerza y, posiblemente, si lo llevarían de regreso a donde podrían matarla o a los Estados Unidos con libertad condicional humanitaria para solicitar asilo. Hubo intérpretes que no ayudaron en absoluto. En ese momento, se esforzaban mucho por conseguir un trabajo permanente en el Departamento de Justicia. Ese no fue mi caso ni el de Lily, nuestra cofundadora.

Terminamos manteniéndonos en contacto con refugiades haitianes que iban a continuar hacia el área de Nueva York. Les dimos nuestra información de contacto y una vez que estuvieron allá, recibimos muchas llamadas y comenzamos a tener reuniones con elles para responder a la crisis que estaban enfrentando. Elles les dieron nuestros números a otres refugiades, por lo que empezamos a recibir muchas llamadas y comenzamos a tener reuniones para diseñar una estrategia de respuesta comunitaria. Empezamos a abordar sus problemas y nos dimos cuenta de que no había un lugar o una organización dedicada específicamente a trabajar por los derechos de les refugiades haitianes.

No habíamos planeado iniciar una organización, pero sucedió de manera orgánica. Nos involucramos en las acciones de organización comunitaria porque nos dimos cuenta de que no estaban siendo tratados de manera justa como refugiades en este país. Se les negaban los servicios más básicos que normalmente se ofrecen a les refugiades, servicios realmente básicos para les que calificaban. Empezamos a tener reuniones con elles y a medida que nos encontrábamos con distintos problemas, los abordábamos une a la vez entre todes.

Se convirtió en una organización híbrida que combina acciones de apoyo, organización comunitaria, educación popular y servicios directos. Nos dimos cuenta de que ese modelo siempre funcionaba porque las personas llegaban en estado de crisis y necesitaban una respuesta de emergencia. A través de esa respuesta de emergencia, siempre buscamos qué se podía cambiar para arreglar la situación, en lugar de seguir el flujo de sistemas creados para discriminar a les refugiades haitianes.

Así es como surgió la organización. Lo que realmente aprecio de la experiencia es el aspecto del idioma, porque eso fue lo que realmente marcó la diferencia para la gente. Hoy por hoy sigo interpretando; es una parte muy importante del trabajo en nuestra organización. Hemos realizado capacitaciones al respecto para involucrar a nuestra gente en campañas. Hemos podido compartir con otras comunidades y movimientos importantes, que hablan diferentes idiomas, que priorizamos la justicia del lenguaje en estos espacios de organización intercultural, como el Movimiento por los Derechos de las Trabajadoras Domésticas.

Con nuestros esfuerzos anteriores por la justicia de lenguaje, involucramos a muchas de nuestras mujeres haitianas en el Movimiento por los Derechos de las Trabajadoras Domésticas porque ese es el trabajo que a menudo obtienen como inmigrantes recién llegadas. Pudimos conectarnos con grupos de latines, trabajadores filipines, asiátiques, africanes y, en su mayoría, trabajadores caribeñes de habla inglesa y también del sur de Asia. Todos trabajamos juntes para lograr que se aprobara un proyecto de ley histórico, un proyecto de ley estatal a favor de los Derechos de las Trabajadoras Domésticas en Nueva York con el liderazgo de Unión de Trabajadoras Domésticas. Fue la primera ley de este tipo en el país y fue en 2010.

Fue una experiencia poderosa porque vimos el poder del lenguaje. De hecho, desarrollamos un proyecto llamado Language is Power, en el que capacitamos a jóvenes para que se convirtieran en intérpretes de las trabajadoras domésticas y pudieran participar plenamente en el movimiento. Fue hermoso porque reconocimos similitudes entre culturas. Capacitamos e involucramos a intérpretes no tradicionales porque de verdad estaban involucrados en un movimiento.

La justicia de lenguaje sigue siendo hasta el día de hoy una parte muy importante y principal de nuestro trabajo. Tengo mucho respeto por les intérpretes y me encanta interpretar. Es esencial que nos centremos en la justicia del lenguaje en todo nuestro trabajo.

¿Qué aspecto de tu trabajo en el movimiento te trae alegría?

Creo que los resultados de nuestros esfuerzos de organización, pero más que los resultados, es la transformación de las personas a pesar de sus situaciones. Cuando elles entran en nuestros espacios, sienten la fuerza de les demás y el espíritu revolucionario de nuestros antepasados. Se transforman y se sienten empoderades y ganan confianza para cambiar situaciones. Trabajamos con cuatro poblaciones diferentes de personas indocumentadas.

Dos de esos grupos son jóvenes indocumentades y sobrevivientes de violencia de género en el contexto de la inmigración. El otro grupo que hemos desarrollado es el de inmigrantes con TPS, es un comité formado por titulares de TPS que se organizan localmente y participan en los esfuerzos nacionales de autodefensa. El grupo más numeroso ahora es el de les solicitantes de asilo, personas que huyen de la persecución, de la violencia de las bandas y las presiones injustas del imperialismo. Muchos son personas que llegan a la frontera entre Estados Unidos y México.

Ha sido todo un reto debido a las décadas de mala política contra les refugiades haitianes. Lo que me encanta es que nuestra organización se mantuvo intencionalmente pequeña. Creo que eso nos ha convertido en un espacio más personal y nos ha permitido mantenernos fieles a nuestra misión sin desviarnos de ella. Creo que eso tiene mucho poder porque nos permitió estar preparados para la situación en la que estamos ahora. Siento que volvimos de nuevo a la situación en Guantánamo, en el campo de detención donde empezamos.

Todo es igual. Vemos cómo se expulsa a las personas con grilletes, las deportan, las repatrían, como quiera que se diga. Vemos cómo las familias se separan hoy igual que a principios de la década de 1990. Todo sigue igual, pero mirando hacia atrás, hemos conseguido grandes logros a lo largo de las décadas. Tenemos victorias como la obtención de tarjetas verdes para 50.000 personas a través de la Ley de Equidad de Inmigración para les Refugiades Haitianes en 1998.

Creo que ser una organización pequeña nos ha permitido centrarnos directamente en la misión y tomar decisiones que organizaciones más grandes no pueden tomar porque tienen que lidiar con la burocracia. Hemos podido tomar medidas a tiempo y, lo que es más importante, dar siempre prioridad al liderazgo de las personas directamente afectadas. Creo que ahora hemos podido conseguirlo hasta el punto de que nuestro personal está formado por personas como el organizador del TPS, que también es titular de uno.

Nuestro defensor de jóvenes inmigrantes era un joven indocumentado que pasó por el mismo programa que está ofreciendo a sus compañeres. Las personas que dirigen nuestros espacios de justicia de sanación para les sobrevivientes de la violencia de género son les mismes sobrevivientes. Esto realmente marca la diferencia porque: ¿quién va a entender lo que le has pasado?, ¿en quién vas a confiar? Esas son las personas con las que quieres construir el poder.

Creo que hay mucho poder en eso y permite que la gente entienda que puede cambiar su propia situación. Me hace muy feliz verlo. La semana pasada recibí una llamada de une de les solicitantes de asilo, me hacía muchas preguntas sobre cómo podía participar en nuestro trabajo. Hoy involucramos a la gente en la investigación participativa para que puedan ayudar a dar forma al trabajo de la campaña desde la base.

Otra cosa que me ha hecho realmente feliz ha sido este último año, especialmente en los últimos seis meses, porque vi cómo les refugiades que llegaron hace unos años están acogiendo a las familias que llegan ahora. Me refiero concretamente a las personas que han llegado a la frontera sur de Estados Unidos. Eso ya ocurría en el pasado, pero en esta década reciente es esencial, ya que las políticas y prácticas, que son de por sí duras hacia les refugiades haitianes, se han vuelto aún más descaradamente racistas.

Las personas con las que trabajamos en 2016, que venían de Brasil o de Sudamérica y Centroamérica, están acogiendo a les nueves refugiades que están entrando por Texas y Arizona. Como acaban de pasar por eso, están en un lugar realmente bueno para guiarles y ayudarles a adaptarse mejor. Eso es algo que no vi tanto cuando empezamos hace 30 años. Es alentador ver cómo se desarrolla esta ayuda mutua en nuestra comunidad y también es útil involucrar a más personas en el trabajo del movimiento.

¿Qué estás haciendo para poner fin a la violencia?

Creo que es principalmente la creación de estos espacios cimarrones de los que hablé en los círculos de justicia de sanación de la perspectiva. Creo que les permiten a las personas saber cómo luchar por sí mismas para que no dependan de les proveedores de servicios, sino que sepan cómo trabajar mejor con elles y tomar la iniciativa en su propio caso, de su propia situación y comunidad. De esa manera, no dependerán de otras personas como defensores de ningún tipo. Pueden aliarse con elles porque les enseñan a trabajar mejor con elles en ciertos casos, pero siempre deben saber que elles mismes son el poder para el cambio.

Creo que cuando desarrollamos espacios informados por el trauma y compartimos historias, aprendemos de las experiencias de les demás. Aprendemos de nuestres compañeres. Siempre digo que, incluso como alguien que dirige una organización, cuando me ofrecen asistencia técnica de financiadores, a veces de tecnócratas, preferiría estar en una situación de las que algunas de nuestras organizaciones asociadas nos estén enseñando, en la que conozcan nuestras luchas. Nos estamos enseñando unes a otres. Eso supone una gran diferencia.

Vamos a ser capaces de asumir nuestras luchas, enfrentarnos a ellas y luchar juntes. La mayoría de les que entran en estos espacios están traumatizados de alguna manera. Creo que toda nuestra comunidad está traumatizada y estamos lidiando con cientos de años de traumas intergeneracionales heredados. Creo que estar en estos espacios, reconocer eso y escucharnos unes a otres puede ser una experiencia dolorosa al principio, pero al menos saca todo a relucir para que puedas afrontarlo y darte cuenta de la fuerza que hay en ti para hacerte cargo. Es realmente hermoso cuando ves a la gente involucrar a otres que vienen detrás de elles.

¿Cómo describirías tus fortalezas de liderazgo?

Siempre digo que soy una madrastra. No tengo ningún hije propie que haya sacado adelante, pero he tenido muchos hijes en mi vida. Como madrastra, solía bromear con mi hijastro y mi hijastra, cuando me pedían cosas que no recibían de sus padres, yo les decía: “Oye, soy una madrastra. Como tal, tengo que saber cuándo intervenir y cuándo no.” [Risas]

Pienso lo mismo sobre el liderazgo del movimiento. Creo que es muy importante ser consciente de ello, no de intervenir, sino dar un paso hacia adelante. Saber dar un paso al frente, pero también saber dar un paso atrás. Es una fortaleza muy buena, sobre todo cuando se involucra a las personas directamente afectadas para que sean sus propios líderes.

Creo que ese es el objetivo, que las personas no piensen que son seguidores, sino que sepan que son líderes. Creo que hace mucho daño a nuestras comunidades que algunas personas piensen que tenemos que tener un líder. Creo que dar un paso atrás es una gran habilidad que hay que tener. Llevo 30 años haciendo este trabajo desde que fundamos Haitian Women for Haitian Refugees y este año voy a dejar de ser directora.

Ahora mismo estoy en el proceso de transición de liderazgo. Es una sensación muy buena poder pasar por este proceso y estoy agradecida de que MEV me apoye en este momento. Estoy agradecida de ser un Movement Maker de MEV en este tiempo porque creo que eso está ayudando a hacerlo posible. Al menos una cosa sencilla está pasando en mi vida. Está yendo bastante bien y estoy realmente entusiasmada con este proceso de transición. Me entusiasma la idea de dejar el cargo y seguir allanando el camino a les futuros líderes, como hicieron nuestros antepasados.

¿Qué te mantiene en este trabajo?

Eso vuelve a la primera pregunta. Esto no es exclusivo de les haitianes, pero da la casualidad de que yo soy haitiana y, como tal, creo que es una responsabilidad construir sobre los logros de nuestros antepasados. Ellos nos inculcaron el espíritu revolucionario con la revolución haitiana, la cual está muy viva hoy en día. No es el tipo de cosa que se gana y se acaba. Siempre hay que proteger lo que se gana. Para mí, eso es una parte importante de nuestro trabajo.

Si tenemos alguna ganancia, tenemos que protegerla porque te pueden quitar todo lo que ganes… ¡cualquier cosa! Creo que esa es una de las cosas que me hacen seguir adelante. La responsabilidad de proteger constantemente y preservar, ya sea tus victorias o tu cultura y tu idioma, creando estos espacios cimarrones, que son culturalmente competentes en cuanto al idioma y género. Creo que la protección constante es necesaria para esta eterna lucha que hemos heredado.

Estoy agradecida de tener ancestros que nos dieron la capacidad de nacer con el espíritu revolucionario y hablo de ello desde una perspectiva haitiana. Los líderes de la revolución haitiana lucharon por la libertad de todes, estaban a favor de los derechos humanos para todes. No se trataba de ciertas personas en una determinada isla. Sus acciones fueron las primeras y fueron para todas las personas del mundo.

Eso es lo que la revolución haitiana representa para mí. Siento la responsabilidad y siento que nuestro pueblo es responsable de continuar la lucha.

En muchos sentidos, hemos heredado mucho de la comunidad indígena que estaban en la tierra antes. En mi familia, por parte de mi madre, hay una conexión directa con algunos de las comunidades indígenas de la tierra de Haití, pero también con toda la gran cultura que hemos heredado de África por medio de nuestra gente que fue secuestrada y traída aquí. Creo que es un gran privilegio tener ambas cosas. Siempre me fijo en el enfoque de la comunidad indígena a la hora de hacer las cosas y tengo en cuenta a las generaciones venideras. El cuidado de la tierra también forma parte de la cultura haitiana.

El cuidado de la tierra, el cuidado del agua, el respeto por la tierra, el agua, el aire, el fuego, todos los elementos de la naturaleza. Eso forma parte de nuestra responsabilidad y es parte de nuestra lucha por preservar y proteger. Es una batalla interminable. Es una lucha interminable. Es una lucha interna. Eso es lo que me mantiene en ella. No hay victoria que te haga alejarte y decir que la lucha ha terminado.

También me siento responsable de transmitir eso a les más jóvenes. En realidad, es una gran responsabilidad y por eso tengo la intención, en este proceso de transición de liderazgo, de tener une lidere joven como director. Creo que es realmente importante. Estoy muy orgullosa de ver el progreso de nuestros miembros del personal más jóvenes y pronto esperamos como director ejecutivo a une joven. Es la única manera, porque he visto cómo grandes organizaciones de nuestra comunidad cierran y desaparecen.

Ya tenemos suficientes pérdidas en nuestra vida.

Creo que eso forma parte de la protección de las cosas, asegurarse de que están ahí para siempre para que la gente las conozca. Debemos contar nuestras propias historias y documentarlas para combatir el olvido. Una de las cosas que vamos a hacer este año con motivo de nuestro 30º aniversario es publicar un informe sobre la resistencia al racismo contra les refugiades e inmigrantes haitianes en Estados Unidos. Este informe se remonta a la revolución y a todo lo que los Estados Unidos ha hecho para interferir en ella, porque todavía tenían esclavos aquí y temían una revuelta de este tipo.

Creo que es importante para les jóvenes que están heredando todo el trauma poder tener alguna referencia para saber de dónde viene el trauma porque, a menudo, sus padres no quieren hablar de ello por ser muy doloroso. Acabas heredando el trauma pero nadie te lo explica. Sé que eso ocurre en muchas culturas. Creo que hay una responsabilidad permanente. Parte de la responsabilidad es asegurarse de que el trabajo continúa. Eso es lo que me mantiene en ello.

Veo que, a lo largo de la historia, nuestro pueblo estuvo encadenado. Separaron a las familias cuando nos sacaron de África y se aseguraron de separar y mezclar a nuestros ancestros. Esto sigue ocurriendo hoy en día. Recuerdo que cuando empezamos, hace 30 años en Guantánamo, estaban forzando a les haitianes a ser repatriados en barcos de la Guardia Costera con cadenas, separando a las familias y enviando a algunes de elles lejos. Hay tantos paralelismos entre la forma en que nos robaron de África, hace más de 400 años, y lo que ocurrió cuando empecé a hacer este trabajo, que sigue ocurriendo hoy.

Ponen a las personas en aviones con cadenas alrededor de sus muñecas, su cintura y sus tobillos para llevarlos a Haití y luego separar a las familias en el proceso. Esto pone de manifiesto que la lucha es continua y eterna. Es doloroso, pero es importante que veamos que la historia es constante, por lo tanto, la lucha también debe ser constante.